1 Chak sètan n'a annile dèt tout moun ki dwe nou, n'a kite lajan an pou yo.
2 Men ki jan n'a fè l': Tout moun ki te prete yon moun pèp Izrayèl parèy li lajan va kite lajan an pou li. Depi lè a rive pou yo annile tout dèt pou Seyè a, li p'ap ka egzije pou lòt la renmèt li lajan an ankò.
3 N'a gen dwa egzije pou moun lòt nasyon yo peye nou sa yo dwe nou. Men, nenpòt kisa yon moun pèp Izrayèl parèy nou dwe nou, n'a kite l' pou li.
4 Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an.
5 Men, se pou nou toujou obeyi Seyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a.
6 Wi, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou.
7 Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite.
8 Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l' lajan pou l' achte tou sa li bezwen.
9 Pa kite ankenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lanne a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lè sa a, l'a rele Seyè a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tò.
10 Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè.
11 Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.
12 Si yon moun menm ras ak nou, kit se gason, kit se fanm, vin vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, li va sèvi nou sizan. Lè setyèm lanne a va rive, se pou nou kite l' al fè wout li.
13 Lè n'ap ranvwaye l' la, pa kite l' ale san nou pa ba li anyen.
14 Men, n'a fè l' kado nan bèt nou yo, nan rekòt jaden nou, nan diven nou ak lwil nou, ki vle di n'a separe avè l' byen Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou benediksyon.
15 Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Seyè a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen ban nou lòd sa a jòdi a.
16 Men, si yon esklav konsa di nou li p'ap kite nou, paske li renmen nou ansanm ak tout moun lakay nou, paske nou aji byen avè l',
17 lè sa a, n'a pran yon bagay pwenti, n'a fè l' pwoche bò pòt devan lakay nou, n'a pèse zòrèy li. Konsa, l'a rete ap sèvi nou pou tout tan jouk li mouri. N'a fè menm bagay la tou pou fanm ki esklav lakay nou.
18 Piga nou janm wè sa twò rèd pou nou voye yon esklav tounen lakay li, paske li te sèvi nou pandan sizan pou mwatye pri nou ta peye yon moun k'ap travay pou lajan lakay nou. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.
19 Tout premye pitit mal fenmèl bèf nou osinon fenmèl mouton nou va fè, n'a mete yo apa pou Bondye, Seyè a. Piga nou janm fè premye ti towo fenmèl bèf nou fè a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn ki sou premye ti belye mouton fenmèl mouton nou yo fè a.
20 Chak lanne, nou menm ak tout fanmi nou, n'a manje yo devan Seyè a, kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a.
21 Men, si l'ap bwete, osinon si li pèdi yon je, oswa si li gen nenpòt lòt enfimite ki konsekan, se pa pou nou touye l' pou Seyè a, Bondye nou an.
22 N'a manje l' lakay nou, tout moun va manje ladan l', kit yo nan kondisyon pou sèvi Bondye, kit yo pa nan kondisyon pou fè l', menm jan yo konn manje vyann gazèl ak vyann towo bèf.
23 Tansèlman, piga nou manje san l'. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo.
Bible verses about "the year of jubilee" | Haitian
Deuteronomy 15:1-23
Leviticus 25:1-55
1 Seyè a pale ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li di l' konsa:
2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, n'a bay tè a yon repo pou Seyè a.
3 Pandan sizan n'a plante jaden nou, n'a taye pye rezen nou yo, epi n'a ranmase rekòt pandan sizan.
4 Men, setyèm lanne a n'a kite tè a poze nèt. Se va yon gwo lanne repo pou tè a. Se va yon lanne n'a kite tè a pran repo pou Seyè a. Nou p'ap simen anyen nan jaden nou, ni nou p'ap taye pye rezen nou yo.
5 Piga nou ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou pou nou vann. Ni piga nou keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann. Se va yon lanne repo nèt pou te a.
6 Pandan tout lanne a tè a va rete san nou pa travay li. Men, sa l'a bay la va sèvi manje pou nou ak pou tout moun k'ap viv lakay nou, pou moun lòt nasyon ki fè ladesant lakay nou.
7 Bèt domestik nou yo ak bèt bwa ki nan peyi a va manje nan sa tè a bay la tou.
8 N'a konte sèt lanne Repo, ki vle di sèt fwa sèt lanne, sa va ban nou karantnèf lanne.
9 Sou dizyèm jou setyèm mwa a ki jou pou n' mande Bondye gras la, n'a fè kònen twonpèt nan tout peyi a.
10 N'a mete senkantyèm lanne sa a apa pou Bondye, epi n'a bay lòd pou yo bay tout moun ki esklav nan peyi a libète yo pou tout lanne a. Se va yon lanne rejwisans pou tout moun. Lanne sa a, tou sa yo te vann anvan ap tounen pou ansyen mèt yo ankò osinon pou eritye yo. Tout moun ki te esklav ap tounen lib lakay yo.
11 Senkantyèm lanne sa a va yon lanne rejwisans pou tout moun: Nou p'ap simen anyen nan jaden nou yo, ni nou p'ap ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou yo pou nou vann, ni nou p'ap keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann.
12 Paske se va yon lanne rejwisans, se va yon lanne n'a mete apa nèt pou Seyè a. Men n'a manje tou sa jaden nou pa t' plante yo bay.
13 Nan lanne rejwisans sa a, tout tè ki te vann ap tounen pou ansyen mèt yo ankò.
14 Konsa, si n'ap vann yon moun pèp Izrayèl parèy nou yon tè osinon si n'ap achte tè nan men l', piga nou fè koutay yonn sou do lòt.
15 Lè n'ap achte yon tè osinon lè w'ap vann yon tè, se pou nou kalkile pri a sou kantite lanne tè a ka travay anvan lanne rejwisans k'ap vini an rive.
16 Plis gen lanne anvan lanne rejwisans lan rive, se plis pri a va pi wo. Mwens gen lanne, se plis pri a va pi ba, paske se kantite lanne rekòt tè a ka bay la n'ap vann osinon n'ap achte.
17 Pa fè lajan sou do moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou gen krentif pou Bondye nou, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
18 Se pou nou swiv lòd mwen ban nou yo, se pou nou kenbe tout kòmandman m' yo. Se pou nou swiv yo, se konsa n'a kapab viv nan peyi a san nou pa bezwen pè anyen.
19 Tè a va bay rekòt li, n'a manje kont nou, epi n'a viv nan peyi a ak kè poze.
20 Men, gen moun ki va mande kisa y'a manje setyèm lanne a si yo pa plante, si yo pa ranmase rekòt.
21 Mwen menm, Seyè a, m'a voye benediksyon m' sou tè a pandan sizyèm lanne a pou l' ka donnen rekòt kantite pou twazan.
22 Konsa, lè wityèm lanne a va rive pou nou plante jaden nou yo, n'a jwenn manje toujou nan ansyen rekòt sizyèm lanne a. N'a gen kont pou nou manje jouk nevyèm lanne a rivè, lè n'a gen pou n' ranmase rekòt wityèm lanne sa a.
23 Yon tè pa fèt pou vann pou tout tan, paske tè a pa pou nou, se pou mwen li ye. Nou menm, nou tankou moun lòt peyi ki rete lakay mwen: mwen ban nou dwa sèvi sou tè a.
24 Lè n'ap achte yon tè nan peyi nou an, se pou nou rekonèt dwa ansyen mèt tè a genyen pou l' reachte tè a ankò.
25 Lè yon moun pèp Izrayèl parèy nou vin nan nesesite, epi li blije vann pòsyon tè ki pou li a, fanmi ki pi pre l' la va reachte tè li te vann lan, paske se li ki gen dwa fè sa.
26 Men, si yon nonm pa gen fanmi pre pou reachte tè a, epi apre kèk tan zafè l' vin bon ankò, l'a reachte tè a lè l'a gen kont lajan pou sa.
27 L'a kalkile depi ki tan li te vann tè a, epi l'a renmèt moun ki te achte tè a nan men l' lan lajan ki koresponn ak kantite lanne ki rete anvan lanne rejwisans k'ap vini an, epi l'a reprann tè li.
28 Men, si li pa gen kont kòb pou reachte tè a, tè a va rete nan men moun ki te achte l' la jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, tè a va tounen nan men ansyen mèt li ankò.
29 Si yon nonm vann yon kay ki nan yon bouk ki gen ranpa, li gen yon lanne delè, depi dat li te vann kay la, pou l' reachte l' ankò. Pase yon lanne, li pèdi dwa a.
30 Si li kite tout lanne a pase san li pa reachte kay la, kay la ap rete pou moun ki te achte l' la ak pou pitit pitit li yo. Yo p'ap renmèt li kay la lè lanne rejwisans la rive.
31 Men, kay ki nan bouk kote ki pa gen ranpa, y'ap konsidere yo menm jan ak yon jaden. Ansyen mèt la gen dwa reachte l' ankò. Men, tout jan se pou yo renmèt li kay la, lè lanne rejwisans lan rive.
32 Moun Levi yo menm ap gen lavil pa yo apa. Yon moun Levi ap toujou gen dwa reachte kay ki te pou li nenpòt kilè.
33 Si yon moun Levi rive vann yon kay ki nan lavil moun Levi yo, epi li pa reachte l', se pou yo renmèt li kay la lè lanne rejwisans lan rive, paske lè yon moun Levi gen yon kay nan mitan pèp la, kay la pou li nèt.
34 Konsa tou, pou jaden ki tout arebò lavil moun Levi yo, yo pa gen dwa vann li, paske se pou yo li ye pou tout tan.
35 Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè l' pou yon moun lòt nasyon k'ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l'a toujou ka viv bò kote nou.
36 Pa fè l' peye ankenn enterè, pa ba l' ponya. Gen krentif pou Bondye. Bay moun pèp Izrayèl parèy nou an yon chans pou l' viv tou.
37 Piga nou mande l' enterè sou lajan nou prete l'. Piga nou ba l' ponya pou manje nou vann li.
38 Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka ban nou peyi Kanaran an epitou pou m' te ka Bondye nou.
39 Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, piga nou fè l' fè travay yon domestik.
40 L'ap rete lakay nou tankou moun lòt nasyon yo k'ap travay pou lajan lakay nou. L'a sèvi nou jouk lanne rejwisans k'ap vini an.
41 Lè sa a, li menm ak tout pitit li yo, y'a kite lakay nou, y'a tounen al jwenn fanmi yo, epi y'a renmèt yo tè zansèt yo te kite pou yo a.
42 Paske se esklav mwen nou ye, se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip. Yo pa gen dwa vann nou pou fè nou sèvi esklav lòt moun.
43 Piga nou aji mal ak moun pèp Izrayèl parèy nou yo. Se pou nou gen krentif pou Bondye nou an.
44 Lè n'a bezwen gason osinon fi pou sèvi esklav lakay nou, nou ka achte yo nan moun lòt nasyon k'ap viv lòt bò fwontyè peyi nou an.
45 Nou ka achte pitit moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou.
46 N'a kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Y'a sèvi yo jouk yo mouri. Nou pa dwe maltrete moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou aji avèk yo tankou frè ak frè.
47 Sipoze yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou nan peyi a vin gen anpil mwayen epi yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv lakay nou, osinon pre kay moun lòt nasyon an, vin nan nesesite epi l al vann tèt li bay moun lòt nasyon an, osinon bay yonn nan fanmi moun lòt nasyon an pou li sèvi l' esklav.
48 Apre li vann tèt li a, l'a toujou gen avantaj moun ka reachte l' pou ba li libète l'. Se bagay yonn nan frè li yo,
49 osinon tonton l', osinon pitit gason tonton l' yo, osinon yonn nan fanmi pre li yo ka fè pou li. Si li menm li vin gen mwayen, li ka reachte tèt li tou.
50 Dakò ak moun ki te achte l' la, se pou l' konte konbe lanne ki gen depi lanne li te vann tèt li bay moun lan jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, l'a kalkile lajan pou l' bay la sou kantite lanne l'a jwenn lan, epi sou pri yo peye lè konsa pou yon moun k'ap travay pou lajan lakay moun.
51 Lè gen anpil lanne ki rete, l'a kalkile sou yo pou l' konnen valè lajan pou l' renmèt pou l' ka reachte tèt li.
52 Men, si pa gen lanne ki rete anvan lanne rejwisans lan, y'a kalkile ansanm, epi l'a renmèt li lajan dapre kantite lanne ki rete a pou l' ka reachte tèt li.
53 Paske l'ap travay ak moun lan tankou domestik k'ap travay pou lajan pa an, ou pa fèt pou kite moun lan maltrete li.
54 Si li pa reachte tèt li konsa, lè lanne rejwisans lan rive, ni li menm, ni pitit gason l' yo va lib ankò. Epi y'a kite kay moun lan.
55 Se pou nou swiv regleman sa yo, paske se esklav pa m' moun pèp Izrayèl yo ye. Yo se esklav mwen te fè soti kite peyi Lejip. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.